Bay Atik tou Fèt

Si se sa-w pito fè, ou mèt fè-n kado atik tou fèt pou-n voye ayiti pa kago. Selon sezon an, yo diferan. Gade pou wè jan nou fè sa fasil pou ou pou chwazi, peye, epi ret kè poze paske sa-w seleksyone yo ap rive otomaktikman nan adrès Fondasyon an ki nan Queens, NY la. Mèsi anpil!

 
school supplies.jpg

Bay Founiti Klasik

An Jiyè ak mwa Dout, se lè sa manm Fondasyon Kedner Stiven yo komanse prepare kago ki pou pote founiti klasik bay timoun ann Ayiti. Klike sou bouton an pou ka chwazi, peye pou sa-w chwazi, epi voye atik ke ou vle ofri a yo.

 

 

Bay Kado Nwèl

Ou ka bay kado Nwel a pati de lè kago founiti klasik yo fin ale. Fè yon ti gate timoun yo! O-o! Ou mèt gate yo anpil tou wi! N-apresye-w nan lè de ka!  

gifts.jpg
 

 
well and pump.jpg

Bay Atik pou Konstriksyon

Apa yon pi dlo ki ap byen kouvri pou sekirite timoun yo ak yon ponp dlo, sa nou vle fè tou, se plante manje natirèl pou elèv nou yo paske se sa ki sanble bon pou nou fè, plante legim ak fri tou, sou plas. Nou aksepte atik pou konstriksyon pandan tout ane a.

 

 

Bay yon Otobis Lekòl

Nou ouvri de bra pou resevwa yon otobis lekòl pou fasilite nou al chèche timoun ki ka plis bezwen sa yo pou yo ka vin lekòl, epi mennen yo tounen an plis de sesyon dekouvèt ke yon bis a va pèmèt nou reyalize e ki ka benefik pou elèv nou yo anpil.

bis lekòl