Bay Kòb

Ou ka bay Fondasyon Kedner Stiven lan, swa antan ke moun, oswa sou non biznis ou. E kòm, Fondasyon an se yon oganizasyon ki ap jwi de stati 501 (c)(3) a ki vle di li se yon ONG, donk li klase kòm charite piblik. Sa fè ke se jenewozite ou ki ede kouvri depans operasyon Fondasyon an ak sipòte timoun yo, ba yo manje jou ke yo al lekòl ke nou konstwi ke se Ayiti, ke se lòt kote.

card.jpg

Bay ak Kat oswa PayPal

Eske ou te konnen ke ou ta ka chwazi bay swa ak kat, swa ak PayPal chak fwa ou vle fè Fondasyon Kedner Stiven kado ti kòb oubyen anpil kòb? Pami kat ki pi popilè yo, ou mèt itilize: Master Card, Visa, American Express, Discover.

Fè yon Don
 

 

Bay sou Cash App oubyen Zelle

Pi bon fason ou ka itilize Cash App se ak selilè apre ke ou fin mete aplikasyon an sou li. Pran aplikasyon Cash App pa-w swa de “app store” la, swa de “Google Play.” Nimewo telefòn pou mete pou kòb la ka rive jwenn Fondasyon Kedner Stiven lan se: 1 516 439 7700. Epi tou, ou ka al sou: https://cash.app/

Nimewo pou Zelle se: 1 347 693 6407

cash app.jpg
 

 
envelope1.png

Bay pa la Pòs

Ou ka voye don nan adrès postal sa a:

Kedner Stiven Foundation, Inc., 212-55 Jamaica Avenue, Queens Village, New York 11428, USA.

Ke se sou chèk bankè a, ke se sou òd de peman an, make non òganizasyon an ki se Kedner Stiven Foundation, Inc. Chak fwa ou fè jès sa, li al nan fon kè-n.