Fè yon Pwomès

Men kòman ou ka fè sa. Ou ap fè nou yon pwomès ke ou ka fè yon don pandan douz mwa, oubyen pou plis ke douz mwa. Osinon, pou piti tan, jiska si mwa konsa, si se ka ke ou ka fè pi alèz. Antouka, Fondasyon Kedner Stiven lan ap konte sou jenerozite chak moun ki ka ede plan reyalize pandan ke gen kondisyon ki ap kreye pou lekòl ki ayiti a ka vin kenbe tèt li. Si-w vle wè ak je-w, oubyen tande ak zòrèy ou, ou mèt poze-n kesyon. N-ap tann vizit ou tou wi!

 
calendar.jpg

Bay Regilyèman

Opsyon sa a se pou ou ka ede òganizasyon an woule. Nan seksyon ki apwopriye a (sou fòmilè don an), fè-n konnen (a) swa konbyen mwa, swa konbyen ane ou ap bay regilyèman, epi (b) konbyen kòb.

Fè yon Don
 

 

Bay Tan-w nan Evenman

Zanmi-n yo! Vin nan fèt ke nou prepare yo avan envite yo pou ka ban nou ti asistans, epi rete enpe apre envite fin ale, osinon di-n kilè nou ka konte sou ou. Pandan ou la nan evenman an, ede-n kenbe tou sa k-ap fèt nan liy yo!

horloge.jpg
 

 
flowers.jpg

Double Montan Don Pou Nou

Ala bè sa ta bèl pou nou ta fè maraton ke ou ka double (e menm triple) pou nou, pou chak dola nou resevwa, ou ta bay yon dola tou, rive a total la ke ou vin fè miltipliye pa de, konsa! Sa vle di ke ou ap bann chans pou-n devlope plis solisyon.