Kedner Stiven

Fondatè & Direktè Jeneral

 
Kedner Stiven.jpg
 
 

Ou ka patisipe, fè yon don, epi sigjere nou ki kote nou ta fèt pou al bati lekòl apre sa ki Akayè, Ayiti a. Nou pi fò lè-n ansanm. Kontinye li.

Deklarasyon Misyon Nou

Fason misyon nou ede nan amelyorasyon kalite de vi timoun ki ap viv ann Ayiti, epi lòt kote nan monn lan, depi jaden danfan jiska sizyèm ane, se nan bati lekòl gratis, bay snak ak manje midi, epi mete transpò a dispozisyon yo pou al lekòl e sot lekòl.

Vizyon

Nou vle bay timoun tout kote nan monn lan, yon chans resevwa edikasyon, epi bay soutyen a sa ki andikape yo tou, san bliye ke nou twouve li enpòtan pou nou kreye anviwonman ki konsantre sou tout fanmiy lan, men nan men ak patisipan ki ret nan zòn lan e ki vle ede-n fè sa lokalman.

Objektif

Bi nou, se pou nou kolabore ak moun ki vle fè sa yonn-pa-yonn, gwoup moun, òganizasyon, kwayan ki aji ak bòn konsyans de fason ke nou tout ansanm ka bay timoun ann Ayiti ak nan le monn yon chans pou gen aptitid e edikasyon ki va pèmèt yo tounen lidè ki konpetan.

 
 

 
 

Men Fason nou Opere, an Rezime

Fondasyon Kedner Stiven lan te etabli 11 Mas 2015 pou li ka devwe a edikasyon. Li kalifye selon règ ke IRS (Internal Revenue Service, ki se sèvis enpo Etazini) reji kòm yon òganizasyon charitab de tip 501(c)(3). Pou aplike misyon òganizasyon san bi likratif sa a, Konsèy Administrasyon an devlope règ a swiv, fason pou moun swiv yo, jesyon, envestisman, rechèch. Se Konsèy la tou ki met an plas tout pwosedi ki pèmèt ke resous itilize kòm sa dwa; sa vle di ke se pou tout moun ka asire ke Fondasyon an aplike tout lwa ak règ leta mete an plas pou opere Fondasyon, an jeneral.

 
 

 
 

Valè Moral Ki Santral Pou Nou

Sekirite

Tout moun sipoze bay sa tout enpòtans li nan Fondasyon Kedner Stiven lan

Onètete

Aji nan la dwati, opere ak presizyon, epi fè sa ki bon kareman

Entegrite

Fè yon jan pou sa-n di aliyen ak sa-n fè selon kondwit nou adopte; trete moun an respè e diyite, san prejije, nan liy la rezon, ak yon espri ouvè, san pati pri, san jije pesonn, san diskriminasyon.