Montre Lòt Sa-w Konnen

Fè yon chwa konsènan opòtinite pou montre lòt sa-w konnen kòm benevòl selon sa-w fò ladan. Epi, apre sa, al klike enpe pi ba sou paj sa a, sou bouton an ki make “voye aplikasyon.” Pandan ou Ayiti oubyen Etazini, ou ka pataje ak timoun sa ki pasyone-w, ou ka byen oblije al sou plas, tou kòm ou ka byen ka fè sa menm si-w de lwen (selon wòl la). Apa le fèt ke ou gen bòn entansyon ki fè ou vle fè dibyen a la sosyete, lè-w vin yon manm nan Fondasyon Kedner Stiven, sa ka ede-w pi devan, plis ke ou ta ka panse kounyeya

 
 

Foutbòl

Se pa paske nou pa gen entansyon voye elèv nou yo, fi kou gason, al jwe match konpetisyon ke yo pa ta dwe fè spò. Eske ou santi ou gen santiman montre chak patisipan tout enpòtans travay de gwoup genyen, epi kouman devlope bòn abitid bon?

 

Plante Grenn

Etidyan ak pwofesyonèl agwonomi se moun ki gen kalifikasyon pou plante grenn, san konte plantè nan zòn Akayè a ki gen eksperyans. An tou ka, anplwaye ki ap travay nan lekòl nou an ap byen kontan devlope kapasite sa a gras a ou

 

Pran la Pawòl an Piblik

Nou vle elèv nou yo ka pale antan ke sitwayen ki alèz fè sa, ke se nan aktivite nòmal chak jou pa yo, oswa nan sitiyasyon ki egzije ke yo ta adapte sa y-ap di. Nou jis ta renmen konnen sou kiyès nou ta ka konte pou sa?

 

Penti a Lwil ak Desen

Vin montre e desen e penti a lwil, oswa yonn ou lòt nan lekòl nou gen Akayè a non! Konsa w-a yon gid pou elèk ak pwofesè ki a ka pratike yon fason pou yo antann byen e jwi de kèk moman ke yo santi yo anpè pandan ke w-a fè yo ka vin kreye pyès atistik

Mizik

Eske ou ka di-n ki enstriman mizik ou gen konpetans montre elèv nou yo jwe: Gita, flit, piyano, tanbou? Ou konn sa-k enpòtan o fon vre? Sè ke ou gen entansyon kenbe fonksyon ke w-ap pran an pou o-mwen dezan

 

Lekti

Depi-w ka pale franse fasil e ke, an plis de sa, pa gen tankou-w pou rakonte moun istwa, ou ta fèt pou konsidere wòl sa ke-w rete Etazini oubyen Ayiti. Ou mèt tande sa-w tande, istwa se yon bon fason moun aprann e sonje enfòmasyon enpòtan

 

Etikèt Sosyal

Moun ki ka aji jan yo sipoze fè-l, pale swa e konpòte byen selon kontèks, konnen sa pa pase mòd. Se pou sa ke kèlke swa moun ki santi yo ta kapab montre lòt kòman pou yo kòrèk an sosyete e aplike tout standa, di-n kiyès ou ye!

 

Itilizasyon Òdinatè

Ede-n kreye yon fason pou elèv ak pwofesè nou yo vin santi yo alèz itilize tablèt ak òdinatè pòtab paske tout moun pral byen oblije ka adapte a abilite sa ki sanble pi nesesè de jou an jou. Se yon abilite ki an demann e ki pap ale

 

 

Ou wè aplikasyon sa a ke w-ap prepare pou vin montre lòt sa-w konnen an, gen yon don 250 dola ki fè pati de li, men ke ou ka rejwenn si nou pa ka asepte òf benevola ke w-ap fè nou an. Si-w gen yon kesyon ou mèt poze nou-l la.

Nou pap pran moun pou travay kòm pwofesè lekòl kounyeya.

 

Koral

Nou byen bezwen yon moun ki ka montre elèv nou yo kòman pou yo chante kou rosiyòl, ke se swa poukò yo, a de, oubyen an gwoup pandan ke moun sa ta ka remake tout elèv ki gen don, pou ka ba yo atansyon yo merite, pou vin devlope-l plis toujou

 

Dans

Nou ap fè sa-n konnen pou elèv nou yo ret fyè de kilti nou kòm Ayisyen. Pou tèt pou sa, nou ap chache yon moun ki kapab montre elèv nou yo tout ti sekrè ki genyen nan danse dans folklorik nou yo, epi nan danse konpa an bon chèlbè

 

Mezi de Sekirite

Kiyès ki ka janm di ke prekosyon janm ase ke se swa nan kay, nan lari, ak lòt kote? Li bon ke moun ka konn sa pou yo fè davans pou anyen pa rive yo e ka defann tèt yo si nesesè pou ret anfòm, epi nan moman rankont, ak konvèsasyon ak lòt moun

 

Brikolaj an Papye

Men kisa nou vle: Pou elèv ak pwofesè nou yo ka pran nenpòt papye e ba-l fòm ke yo vle tankou matonton chèn an papye, lèt alfabè an koulè, chif, epi flè ki gwo, ki piti, ki mwayen ak yon pil fòm diferan; tou sa ki ka ede yo fè dekorasyon