Ofri Sèvis Ou

Fè yon chwa konsènan opòtinite ki koresponn a sa-w vle reyalize touswit oubyen ki nan liy sa-w vle ka reyalize pita. Epi, apre sa, al klike enpe pi ba sou paj sa a, sou bouton an ki make “voye aplikasyon” an. Apa le fèt ke ou gen bòn entansyon ki fè ou vle fè dibyen a la sosyete, lè-w vin yon manm nan Fondasyon Kedner Stiven, sa ka ede-w pi devan, plis ke ou ta ka panse kounyeya

 
 

Ofisye Sibvansyon

Nan wòl sa, ou gen responsablite jwenn èd finansyè de leta ak de antite piblik ki ka ede Fondasyon an reyalize misyon li. Ou va rasanble papye nesesè pou sa, e voye aplikasyon yo. Apa sa, w-a kolabore ak Ofisye Kòlèk de Fon an, plis Ofisye Relasyon Piblik la

 

Fotograf

Gen de evenman ak moman san parèy ke nou oblije memorize sou fòm foto. Se pou sa nou ap fè apèl a fotograf ann Ayiti ak Etazini pou vin ofri sèvis. Li pral fè sans, wi, pou-w travay men-nan-la-men ak videwograf la

Kontab

Ou ka nan stad sipèvizyon nan karyè-w, oubyen ou ka yon kontab agreye (yon kontab ekspè), lè-w vin pou verifye si liv-kontab nou yo prepare kòrèkteman chak twa mwa, fè rekòmandasyon, planifye bidjè konsènan pwojè ki ap devlope, pa egzanp

 

Tradiktè

Moun ki palè fransè, kreyòl ak anglè ta fèt pou manifestè enterè pou wòl sa, ke Etazini oswa Ayiti pou de lang alafwa, oubyen pou touletwa, nan moun ki enterese ka pale tout. Nou gen santiman ke pral gen bezwen san rete pou anpil dokiman tradwi

 

 

Ou wè aplikasyon sa a ke w-ap prepare pou fè benevola a, gen yon don 250 dola ki fè pati de li, men ke ou ka rejwenn si nou pa ka asepte òf benevola ke w-ap fè nou an. Si-w gen yon kesyon ou mèt poze nou-l la.

 

Daktilograf

Ou ka ede-n gras a patisipasyon-w nan sa ki fèt regilyèman nan òganizasyon an, tape e revizyon dokiman pandan ke ou va fè atansyon a tout ti detay. Nou tèlman bezwen daktilo ke plizyè moun mèt aplike. Nou ap asepte konpetans tout nivo

 

Videwograf

Gen de evenman ak moman san parèy ke nou oblije memorize sou fòm videwo. Se pou sa nou ap fè apèl a videwograf ann Ayiti ak Etazini pou vin ofri sèvis. Li pral fè sans, wi, pou-w travay men-nan-la-men ak fotograf la