Ekip ak Vizyon

Kedner Stiven.jpg

Kedner Stiven, Fondatè e Direktè Jeneral

Bondye vin an premye. Mwen priye pou li beni Fondasyon Kedner Stiven lan ke-m te kòmanse a zewo paske nan kè-m mwen vle ede timoun toupatou gras a “lekòl san ekolaj ke n-ap bati e manje ke n-ap fè yo jwenn.” E poutan, m-pa ta ka fè anyen pase sa si se pat pou moun de byen ke Bondye voye tout tan kòm benevòl (Matye 19:26). Ekip mwen an avè-m pare lè-w vle pou nou sèvi-w, ak pou-n sèvi moun pa-w. Mwen vle kwè ke ak tèt ansanm nou ka kreye ale mye nou tout espere wè a, sitou ke Nelson Mandela te di yon fwa ke “edikasyon se pi gwo zouti moun ka itilize pou chanje monn lan.” Fè yon ti li vizyon nou an. Fè-n konn sa-w panse. Klike sou bouton an.

Manm Ekip la

 

Prezidan Enterim (a.i.)

Responsabilite pa-m se fè tou sa m-kapab pou sa-k pou fèt chak jou kòm woutin nan òganizasyon an fèt. Mwen kominike ak tout manm yo e mwen bay direktè jeneral la rapò-m. Pou konn plis sou sa e wè kijan m-ka ede-w, klike la.

 

Manm Konsèy

Nou menm, manm Konsèy la, nou kominoke ak ajans leta yo, epi nou transmèt mesaj anndan òganizasyon an bay tout moun konsènan règleman nou dwe swiv e aplike pou konfòmite. Puedo ayudar si habla Español.

Fidisyè

Nan òganizasyon an, se mwen ki veye sou aksyon dòd moral yo, epi tou sou desizyon ki fèt pou pran selon kontèks chak selon vizyon a lon tèm òganizasyon an, selon jan avoka gide-m. Si-w vle konn plis, klike la.

 

Manm Konsèy

Nou menm, manm Konsèy la, nou kominoke ak ajans leta yo, epi nou transmèt mesa anndan òganizasyon an bay tout moun konsènan règleman nou dwe swiv e aplike pou nou pou konfòmite. Pou plis enfòmasyon, klike la

Direktè Operasyon

Mwen la depi Fondasyon an kreye, e m-kwè nan misyon-l lan si tèlman ke pa gen efò m-pa fè pou sa mache. Mwen fè yon jan pou òganizasyon an ret prezan nan medya, epi mwen vwayaje ann Ayiti lè sa nesesè, Pou konn plis enfòmasyon toujou, klike la.

 

Manm Konsèy

Nou menm, manm Konsèy la, nou kominoke ak ajans leta yo, epi nou transmèt mesa anndan òganizasyon an bay tout moun konsènan règleman nou dwe swiv e aplike pou nou pou konfòmite. Pou plis enfòmasyon, klike la

Boukipè

Mwen asiste Direktè Finans lan. Se mwen tou ki reponn kesyon konsènan nimewo EIN nou, konsènan sètifika ki presize ke leta egzante-n nan zafè pèman enpo, oubyen ankò si-w vle mande resi. Pou ka wè kijan m-ka ede-w, klike la.

Relasyon Piblik

Vi ke mwen an chaj relasyon piblik pou laprès ekri e pale, mwen ap envite tout etidyan k-ap chèche staj, tout moun ki ap kontanple posibilite chanje metye, epi tou, moun ki a la retrèt pou nou tout vin fè benevola lè-n klike la.

Sekretè Egzekitiv

Se mwen ki asiste Direktè Jeneral la ak manm Konsèy la yo pa rapò à sa-k pou fèt administrativman. Mwen kenbe achiv, fè rechèch, epi mwen kolabore pou konfòmite òganizasyon an pa rapò a règleman leta. Si-w vle wè kòman m-ka ede-w, klike la.

 

Sèvis Enfòmatik

Se a travè pwofil rezo sosyo-n yo ou ka jwenn mwen lè n-ap echanje kominikasyon. M-ka di-w ke mwen la pou-m fè atansyon a kòmantè-w yo, epi pou-m ede kanalize demann ki ka rive nan KSF pa mwayen rezo sosyo yo. Pou plis enfòmasyon, klike la.

Asistant Administrativ

M-plis nan biwo a pou wòl pa-m lan, men tou moun ka twouve-m lòt kote selon bezwen piblik la ak selon pa manm ekip la. An tan ke sekretè, mwen fè klasman dokiman, triye e prepare lèt, reponn telefòn, etc. Ou ka kontakte-m la.