Evenman ki Gen Pou Vini

Nou itilize Eventbrite pou-n jere evenman-n yo. Al sou eventbrite.com, epi cheche pou-n jwenn òganizasyon-n lan pandan tout ane a.

8-tyèm Gala Anyèl KSF pou Kolekte Fon

Evenman sa ap fèt samdi 24 jen 2023

Plattduetsche Park Grill & Bar, 1132 Hempstead Turnpike, Franklin Square, NY 11010 depii 8:00 pm jiska 2:00 am.

Ap gen pèfòmans an dirèk de Tacaj ki soti nan Sid Florid

Ap gen kèk envite espesyal.

Ap gen dine nan stil bifè, 2 ba pou bwason a gogo (gwòg de kalite valè-w ka bwè)

KSF se yon òganizasyon 501(c)(3) ki pa la pou chèche fè pwofi kòm bi prensipal li. Se yon òganizasyon charitab piblik. Ou ka dedwi de enpo tout lajan ou bay sou sitwèb nou ki se https://www.kednerstivenfoundation.org/fason-ou-ka-bay

Si ou pa kapab vin lan sware a, ou ka toujou fè yon don sou entènèt sou sit https://www.kednerstivenfoundation.org/fason-ou-ka-bay. Ou ka reklame don ou fè nan deklarasyon enpo-w.

Achte tikè ou yo konsa:

Lajan kach: 516-439-7770

Zelle: 347-693-6407

24 Jen 2023

Plattduesche Park Catering
1132 Hempstead Turnpike, Franklin Square, NY 11010

Sa fè 8-tyèm fwa ke Fondasyon Kedner Stiven kontan anpil pou-l selebre Gala Anyèl li avèk ou a lokazyon Ramasaj de Fon li pandan l-ap onore lejand Konpa ki se gwoup Skah Shah #1 nan New York pou 49-vyèm anivèsè yo! Vin danse tout sware a pandan ou va sipòte misyon enkwayab nou, 8-tan ke n-ap ofri edikasyon gratis bay 250 timoun ann Ayiti. Se yon evenman ou pa ka rate. Achte tikè ou touswit paske nou prevwa pap gen ase plas pou tout moun ki ta renmen vini. (Pye kout pran devan paske jiska 15 me ou mèt peye sèlman $125). Ou ka rele tou pou rezève plas ou yo nan 347-693-6407. Ou ka peye ak kat kredi-w nan telefòn si se sa w-pito.


3e Kòlèk Jwèt KSF pou Fèt Fen Dane
Nov
23
to Dec 21

3e Kòlèk Jwèt KSF pou Fèt Fen Dane

Mèsi pou kado (san papye kado) ke ou ap pote pou elèv lekòl KSF ki Akayè, Ayiti. Zam pa ladan. Timoun yo gen ant 4 e 12 zan.

Ou ka ofri kado twa fason:

Chwa 1: Klike sou lyen sa si-w chwazi bay lajan. Don lajan a KSF kalifye pou dediksyon de enpo

Chwa 2: Pote oubyen voye kado nan yonn nan adrès sa yo (VIP Bakery, 174 Post Ave, Westbury, NY 11590), (Steven Business Center, 212-55 Jamaica Ave, Queens Village, NY 11428), (Prime Medical Clinic, 1711 Ralph Ave, Brooklyn, NY 11236).

Chwa 3: Klike sou lyen sa pou ka voye jwèt ki sou lis Amazon lan otomatikman nan adrès Fondasyon an.

View Event →
Kòlèk "Liv pou Fèt Mwen"
Nov
1
to Nov 17

Kòlèk "Liv pou Fèt Mwen"

Kedner Stiven mande tout moun ki ta renmen fè-l plezi pou fèt li, le 17 Novanm lan, pou yo montre-l ke yo gen konsiderasyon pou yon kòz ti kè-l sansib pou li: Ke timoun ann Ayiti ka al lekòl. Gen yon lekòl nan Akayè, Ayiti ki pote menm non ak Fondasyon Kedner Stiven lan e ke òganizasyon an ap jere. Timoun yo, laba a, bezwen liv e yo met espwa sou nou pou nou ka fè yo gen valè-n kapab. Tanpri bay yon kichòy jodi a.

View Event →
Premye Ane Vant Piblik ap Fèt
Sep
26

Premye Ane Vant Piblik ap Fèt

10 potre (atik) disponib pou vant piblik. Gade videwo a ke Kedner ak Alvin anrejistre nan Restoran ki rele Chez Mirelle la Samdi 18 Jiye 2020 an nan Westbury, NY. Se Nadine ak Joey ki ap fè kòmantè nan videwo a. Mideline Phelizor, ma-n-ken vedèt Ayisyèn, te montre potre yo ansanm ak yon zanmi KSF. Manm KSF te vini pou ede. Adele tou, ki te menm vini ak frè li. Mesi!

Pou gade ak fè yon òf sou seleksyon ou (yo), ou ka gade videwo a, epi vizite  galri a. Nimewo telefòn pou rele ak pou fè òf pa-w la se (1) 516 439 7770. Gayan yo ka klike sou lyen sa pou fè don. 

View Event →
Tombola sou Entènèt
Sep
9

Tombola sou Entènèt

Nou ta renmen prezante konpliman nou a 3 gayan tombola ane 2020 an:

Jeannette jean Pierre: 3è Pri, ki se $100.00

Martine Vicière: 2è Pri, ki se $200.00

Dr. Michel J. Charles: Premye Pri, ki se yon iPad 7th Generation 32 GB

Tiraj la te fèt nan restoran yo rele Kaché ki nan 2192 Flatbush Ave. Brooklyn, NY - ant 7:00 pm e 9:00 pm

Mèsi pou kontribisyon nou!

View Event →